Accessibility links

Breaking News

Avoka Biden: FBI Fouye Kay Biden nan Rehoboth Beach, Delaware


Foto Achiv: Akse a wout pou rive nan kay Prezidan Joe Biden nan vil Wilmington, Delaware, 13 Janvye 2023.
Foto Achiv: Akse a wout pou rive nan kay Prezidan Joe Biden nan vil Wilmington, Delaware, 13 Janvye 2023.

FBI ap fouye kay Prezidan Joe Biden genyen nan Rehoboth Beach (yon vil ki sitye bò lanmè) eta Delaware, nan kad ankèt yap mennen sou posibilite pou li te mal jere dokiman sekrè. Se sa avoka pesonèl Biden nan fè konnen.

Fouy ki fèt Mèkredi a vini apre yon fouy ki te dire 13 he d tan nan rezidans prezidan an nan vil Wilmington, eta Delaware 20 Janvye pase a, kote ajan FBI te jwen kèk lòt dokiman sekrè epi yo te sezi kèk nòt Biden te ekri a la men.

Prezidan an volontye pou l kowopere ak ankèt Depatman Jistis la ap mennen sou rezidans li yo nan moman anketè yo ap eseye detèrmine kijan dokiman sekrè epòk kote Biden te vis prezidan Etazini ak lè li te senatè te ateri lakay li ak nan biwo li.

XS
SM
MD
LG