Accessibility links

Breaking News

Messi Byen Rilaks e Pare pou Jwi 'Pwobableman' Dènye Mondyal Foutbòl li


Lionel Messi, foutbole Ajantin, pandan yon konferans pou lapres lavey match ekip li kont Arabi Saoudit nan Gwoup C, Doha, Qatar, 21 Nov. 2022.
Lionel Messi, foutbole Ajantin, pandan yon konferans pou lapres lavey match ekip li kont Arabi Saoudit nan Gwoup C, Doha, Qatar, 21 Nov. 2022.

Lionel Messi diferan nan Mondyal Foutbòl Qatar la. Misye rilaks e li kontan. Li pat sispann souri Lendi nan yon parèt byen ra li te fè nan yon konferans pou laprès anvan premye match Ajantinn nan kont Arabi Saoudit.

Tansyon an pa chita sou zepòl youn pami pi bon foutbolè nan mond lan ankò.

Messi di se paske li "yon kras pi gran, li toujou ap eseye fè mye, amize'l epi viv Mondyal sa a ak entansite -- byen pase.

Se pral pwobableman denye Mondyal foutbòl Messi, ki gen 35 an. Li anfòm fizikman apre li sot jwe pou Paris Saint-Germain e apre li ede Ajantin pran chanpyona Copa America a ane pase a.

XS
SM
MD
LG