Accessibility links

Breaking News

Qatar: Zòn Fanatik yo Voye Plizyè Milye Moun Ale


Fanatik yo fe lake pou achte bye nan zon fanatik yo anvan ouveti Mondyal Foutbol la nan Doha, Qatar, 19 Nov. 2022.
Fanatik yo fe lake pou achte bye nan zon fanatik yo anvan ouveti Mondyal Foutbol la nan Doha, Qatar, 19 Nov. 2022.

Otorite Qatar yo voye ale plizyè milye fanatik ki tap chacheh asiste yon konsè selebrasyon ouvèti Mondyal la, kap tanmen Dimanch nan Qatar.

Responsab yo pran mezi sa a Samdi swa. Sa montre defi ki devan yo, nan moman Doha ap fè preparasyon pou jere gwo foul moun ki pral asiste chanpyona FIFA a.

Fanatik yo te byen desi men yo te reziyen yo pou pi fò. Apre yo te finn kite zòn nan, lapolis Qatar, gad sekirite ak lòt anplwaye te gide yo ak gwo kokenn chenn dwèt plastik epi wo palè.

Sepandan konsè a dewoule anvan gwo foul 1,2 milyon fanatik yo rive pou asiste tounwa a nan peyi sa a ki sitye sou prèskil Arab la.

XS
SM
MD
LG