Accessibility links

Breaking News

Atlèt Mondyal yo Resevwa Pwoteksyon Kont Abi sou Rezo Sosyal yo


Foto Achiv: Logo Twitter la sou yon telefon entelijan, 14 Oktob, 2022.
Foto Achiv: Logo Twitter la sou yon telefon entelijan, 14 Oktob, 2022.

Yon pwojè ki gen patisipasyon sendika FIFPRO ak FIFA ap ofri jwè kap patisipe nan Mondyal Foutbòl la pwoteksyon kont abi sou rezo sosyal yo.

FIFA di gen plis pase 830 jwè nan Qatar ki gen aksè a yon "sèvis ki dedye a rapòte ak modere" abi sa yo. Pwojè a vize pwoteje yo kont jouman ak mesaj mechan moun pibliye sou rezo yo kont yon jwe an patikilye.

Mondyal la ap tanmen Dimanch, kèk jou apre Twitter revoke yon gwoup anplwaye ki tap travay pou modere kalite mesaj sa yo. Anplwaye sa yo te trake mesaj rayisman ki vize moun e ki vyole règleman rezo a.

Pwojè foutbòl la pral siveye kont patisipan Mondyal yo epi rapòte diskriminasyon ak menas kont atlèt sa yo bay "rezo sosyal yo ak otorite yo."

XS
SM
MD
LG