Accessibility links

Breaking News

Ronaldo Pral Dirije yon Ekip Pòtigal Chaje ak Talan nan Mondyal Qatar la


Foto Achiv: Jwe Potigal Cristiano Ronaldo selebre apre ekip li fe yon gol nan match ouveti Mondyal la kont Espay an 2018.
Foto Achiv: Jwe Potigal Cristiano Ronaldo selebre apre ekip li fe yon gol nan match ouveti Mondyal la kont Espay an 2018.

Cristiano Ronaldo pral jwe nan 5èm Mondyal li ak yon ekip Potigal ki chaje ak talan men kèk nan jwè ekip nasyonal la pap patisipe.

Ronaldo pral kole tèt ansanm ak Bernardo Silva, Bruno Fernandes epi Joao Felix.

Men pami jwè ki pa sou lis 26 manm seleksyon an ke antrenè Fernando Santos chwazi, nou jwen: João Moutinho, José Fonte, Gonçalo Guedes ak Renato Sanches.

Yon lot jwè ki papral Qatar se Diogo Jota, ki jwe aktyèlman ak Liverpool. Misye blese.

Nan gwoup jwe ki nan seleksyon nasyonal pou Mondyal la gen: João Cancelo, Rúben Dias epi mitan Pepe ki gen 39 an. Jwè defans António Silva ki se yon tinedjè, pral Qatar tou.

XS
SM
MD
LG