Accessibility links

Breaking News

Qatar Lwe yon 3èm Bato Kwazyè pou Sèvi Kòm Otèl Flotan Pandan Mondyal la


Foto Achiv: Bato Kwazye MSC Opera kite po La Havann, Kiba.
Foto Achiv: Bato Kwazye MSC Opera kite po La Havann, Kiba.

Oganizatè Mondyal Foutbòl la nan Qatar lwe yon twazyèm bato kwazyè ke li pral akoste nan Pò Doha a pou sèvi kòm otèl pou fanatik foutbòl yo.

Bato sa a pral dispoze chanm otèl pandan tounwa a. MSC Cruises, ki gen katye jeneral li nan vil Jenèv an Swis anonse akò a, 6 semèn sèlman anvan Mondyal la sipoze tanmen 20 Novanm.

MSC siyen yon antant pou 2 bato kwazyè ak gouvènman Qatar la. Qatar pa gen ase otèl pou tout ekip yo, travayè, volontè epi fanatik foutbòl ki pral asiste Mondyal la.

Pri ki pibliye pou chanm otèl abò bato Opera a, se $470 pa pèson pa nwit pandan etap gwoup la.

XS
SM
MD
LG