Accessibility links

Breaking News

FIFA Anonse Mondyal la ap Tanmen 20 Novanm


Foto Achiv: Yon afich ki anonse Mondyal la tou pre Sant Konvansyon Doha a kote tiraj pou Mondyal la te dewoule nan mwad Mas la.
Foto Achiv: Yon afich ki anonse Mondyal la tou pre Sant Konvansyon Doha a kote tiraj pou Mondyal la te dewoule nan mwad Mas la.

FIFA (Federasyon Entènasyonal Foutbòl la) avanse dat kòmansman mondyal la. Li fè konnen peyi kap òganize tounwa foutbòl mondyal la, Qatar, va woule balon kont Ekwatè 20 Novanm.

Sa bay Qatar yon opòtinite pou match ekskizif li a jwe Dimanch nan aswè devan yon odyans global.

Match Qatar-Ekwatè a pral jwe nan Doha.

Savledi Mondyal la pral dire 29 jou olye de 28, ki se antant ki te fèt sa gen 7 an desa.

FIFA siprann anpil moun le li bay konsantman li pou sa fèt. Manm komite a, pami yo prezidan Gianni Infantino ak lidè 6 òganizasyon mondyal foutbòl yo te dakò.

Yo te revele plan an Mèkredi, apre yo mete a la dispozisyon fanatik toupatou nan mond lan, biyè pou match yo.

XS
SM
MD
LG