Accessibility links

Breaking News

Yon Foutolèz Ayisyèn Pran Pri Pi Bon Pami Pi Bon nan Mond lan


Foutbolez Ayisyen Melchie Dumornay nomen meye jen jwez foutbol nan mond lan.
Foutbolez Ayisyen Melchie Dumornay nomen meye jen jwez foutbol nan mond lan.

Foutolèz Ayisyèn nan, Melchie Daelle Dumornay k ap jwe nan peyi Lafrans nan ekip Stade de Reims lan se pi gwo jwez foutbol nan kategori jèn kap jwe nan mond lan, selon jounal espòtif Goal.


Nan klasman jounal Goal fè, ki pibliye madi sou gwo jwez k ap jwe nan mond lan, atakan Ayisyèn nan, rive an premye pozisyon. Entènasyonal Ayisyèn nan ranpòte twofe NXGN lan, yon pri ki rekonpanse talan ak gwo bout karyè Dumornay ki sèlman gen 18 lane.

« Mwen santi m onore pou pri sa », foutbolez pwofesyonèl la ekri sou Twitter, toutpandan l ap remèsye tout moun ki ede l rive nan nivo sa.


« Twofe sa se yon booster », kontinye ekri Dumornay ki pwomèt l ap kontinye bay tout li menm pou l ka rive pi lwen.

Pi lwen, bitez Ayisyèn nan fè konnen genyen balondò a fè pati de objektif li genyen.

Foutbolez Ayisyen Melchie Dumornay nomen meye jen jwez foutbol nan mond lan.
Foutbolez Ayisyen Melchie Dumornay nomen meye jen jwez foutbol nan mond lan.

Melchie Durnomay, ki fèt nan lakou Mirebalais gen anpil talan. Se kapasite l ki fè estaf ekip Stade de Reims la achte l nan dènye mèkato estival la.

Depi lè Corventina debake nan ekip sa, li enpoze kòm yon talan enpòtan pou tout ekip la ki konte sou gòl ak pas desizif li yo pou yo avanse e rete yon ekip konpetitif nan chanpyona.

Pou 2 premye match li yo ak klèb fransè a, Corventina te fè 2 gòl e fè 3 pas desizif pou enskri non l kòmsadwa nan achiv klèb Stade de Reims lan.

N ap raple a sèlman 18 lane, Melchie Dumornay gentan jwe pou tout kategori (U-15, U17, U-20, U-23, Senior) nan seleksyon foutbòl fanm nan peyi Dayiti, kote li ranpòte plizyè tit endividyèl, tankou mèyè bitez zòn Concacaf la nan eliminatwa yo.

XS
SM
MD
LG