Accessibility links

Breaking News

Abit Japonèz Yoshimi Yamashita Pare pou Mondyal la


Abit Japonèz Yoshimi Yamashita Pare pou Mondyal la
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:01 0:00

Abit Japonèz Yoshimi Yamashita Pare pou Mondyal la

Abit Japonèz Yoshimi Yamashita dako ak Pele ki te dekri foutbol tankou yon "bèl jwèt".

Yamashita se youn pami 3 fanm yo chazi nan yon gwoup 36 abit pou Koup di Mond maskilen an nan peyi Katar. Mondyal la pral dewoule nan mwenske 5 mwa - swa 21 Novanm - e se premye fwa yon fanm ap gen kontwol pi gwo sèn foutbol nan mond lan.

Men kijan Yamashita wè travay li.

"Youn nan pi gran objektif mwen antanke abit se montre kijan foutbol se yon bèl jwèt. Map fè sa'm kapab pou sa. Donk si mwen gen pou'm kominike ak jwè yo map fèl. Si'm gen pou'm rale yon kat - map rale kat la. Olye kontwol map reflechi sou kisa mwen ka fe pou atenn gwo objektif la," Yamashita deklare.

Met sou Yamashita, ki se abit prensipal la, ap gen Fransèz Stephanie Frappart epi Rouwandèz Salima Mukansanga.

FIFA - oganizasyon mondyal ki jere foutbol, nomen 3 abit adjwen ki se fanm nan yon gwoup de 69. Yo se moun Brezil, Meksik ak Lèzetazini.

Malgre li posib tou le 3 pral gen pou jere match, se pa yon fèt akonpli. Yo taka sèvi tou kom 4èm abit pou match yo. Sepandan yo paka travay kom abit adjwen.

"Nou pral egzaminen ak swen chak match ofisyèl pandan mwa kap vini yo e nou va pran yon desizyon final sou aspè teknik, fizik ak medikal nou ta dwe pran yon ti tan anvan dewoulman mondyal la," Massimo Busacca, direktè abit yo pou FIFA fè konnen.

An 2021, Yamashita te tounen premye fanm ki te travay kom abit nan yon match pwofesyonèl maskilen. Sete nan mwad Avril pase a. Li se premye abit Azyatik ki travay nan Lig Chanpyon yo.

Seleksyon ni mete aksan tou sou kijan Japon klase ba an tèm de peman egal ego pou fanm yo epi dwa egal ego ak mesye yo.

Se sèlman 14.3% syej nan palman nasyonal Japon an ke fanm okipe. E Japon klase 120em sou lis peyi ki gen pi gwo diferans ant lajan gason yo ap touche konpare ak fanm yo.

"Mwen tap kontan anpil si medam yo te ka jwe yon wol aktif nan spo konsa e si foutbol taka nan tet lis la. O japon nou gen anpil travay pou fe nan domen foutbol la, donk se tap yon bel bagay si nou te ka pwofite opotinite sa a pou ankouraje plis fanm patisipe non selman nan foutbol men spo an jeneral," li deklare.

Yamashita te antrene Lendi tou pre Tokyo malgre te gen gwo chalè - tanperati a te rive 35 degre santigrad.

Li te ri lè li sonje ke pou je Qatar yo, ki sitye sou pwent prèskil Arab la - ap pi fre - paske yap dewoule nan emisfe No a pandan sezon ive a, e ap gen èr kondisyone nan stad yo.

"Byen antandi gen anpil presyon e mwen gen anpil responsabilite. Men'm kontan gen djob sa ak presyon an map rete pozitif e'm kontan," li deklare.

XS
SM
MD
LG