Accessibility links

Breaking News

Christian Pulisic Pral Mete Mayo 10 pou Seleksyon Etazini nan Mondyal la


Foto Achiv: Christian Pulisic a dwat remet balon an bay Haji Wright anvan yon chout penalite pandan match amikal seleksyon nasyonal Etazini ak Mawok, Lendi 1 Jyen 2022 nan vil Cincinnati.
Foto Achiv: Christian Pulisic a dwat remet balon an bay Haji Wright anvan yon chout penalite pandan match amikal seleksyon nasyonal Etazini ak Mawok, Lendi 1 Jyen 2022 nan vil Cincinnati.

Christian Pulisic pral mete mayo nimewo 10 antanke jwe seleksyon nasyonal Etazini nan Mondyal la. Gadyen Matt Turner limenm va mete mayo nimewo 1.

Seleksyon Nasyonal Etazini anonse nouvel la yon semen anvan Ameriken yo jwe kont Wales nan stad Al Rayyan nan Katar, kote yap patisipe nan premye match mondyal yo depi ane 2014.

DeAndre Yedlin ki se sel jwe ki te fe pati seleksyon nasyonal la sa gen 8 an desa, pral mete mayo nimewo 22 olye nimewo 2.

Gen 22 pami 26 jwe seleksyon an ki nan Qatar anvan antrenman yo Lendi. Sergino Dest, Weston McKennie, Tim Weah ak Haji Wright sipoze rive pi ta Lendi apre match yo Dimanch ak klib Ewopeyen yo.

XS
SM
MD
LG