Accessibility links

Breaking News

Federasyon Foutbòl Etazini ap Sèvi ak yon Anblèm Lakansyel pou Mondyal Qatar la


Kek pami jwe seleksyon nasyonal Etazini: DeAndre Yedlin, Shaq Moore, Aaron Long ak Walker Zimmerman.
Kek pami jwe seleksyon nasyonal Etazini: DeAndre Yedlin, Shaq Moore, Aaron Long ak Walker Zimmerman.

Federasyon Foutbòl Etazini an ap sèvi ak yon vèsyon anblèm li ki gen koulè lakansyèl nan lye kote yap antrene nan Doha, Qatar.

Dabitid federasyon an konn sèvi ak yon anblèm ki gen lèt ble epi ba wouj, men li chanje ba yo pou yo reprezante koulè lakansyèl la sou afich ki nan lye kote ekip la ap antrene anvan premye match yo kont Wales (Peyi de Gal) 21 Novanm.

Anblèm lakansyèl la fè pati inisyativ "Be the Change" (Reprezante Chanjman an) federasyon foutbòl Etazini an ak jwè li yo.

Gen moun ki kritike Qatar akoz atitid li vizavi fanatik LGBTQ yo epi fason li trete travayè migran yo.

XS
SM
MD
LG