Accessibility links

Breaking News

Qatar: Kijan Fanatik Foutbòl yo Dwe Abiye?


Fotoo Achiv: Ansyen vedet foutbol entenasyonal Carli Lloyd ak Jermaine Jenas, prezantate televizyon Britanik ak jwe foutbol retrete ede ak tiraj pou Mondyal 2022 an nan Doha, Qatar.
Fotoo Achiv: Ansyen vedet foutbol entenasyonal Carli Lloyd ak Jermaine Jenas, prezantate televizyon Britanik ak jwe foutbol retrete ede ak tiraj pou Mondyal 2022 an nan Doha, Qatar.

Gen mesaj kap sikile sou rezo sosyal yo ki dekri kilti Qatar la pou fanatik ki soti toupatou nan mond lan, kap vwayaje nan peyi a pou asiste Mondyal la. Pami règleman yo genyen: kijan medam yo dwe abiye. Fòk yo kouvri zepòl yo ak jenou yo.

Sepandan mesaj sa yo fo.

Pandan komite oganizatè a sigjere pou fanatik yo "respekte kilti a" yo pa gen entansyon ni arete ni entèdi okenn moun nan je yo akoz sa yo deside mete sou yo. Men gen bwi kap kouri pou di kòm kwa moun ap swiv de pre kijan sa pral afekte pi gwo tounwa foutbòl nan mond lan epitou sa lakoz yap diskite sou dosye Qatar sou kestyon egalite a.

Rothna Begum, yon chechè kap travay pou Human Rights Watch, etidye kestyon an nan peyi konsèvatè sa a. Li di malgre pèson pap vin arete'w akoz sa ou mete sou wou, gen tradisyon sosyal peyi a ki afekte kijan moun abiye.

The American Outlaws, yon gwoup ki apiye seleksyon nasyonal Etazini an pibliye pwòp gid pa li pou fanatik yo. Li di yo ka mete shòt, chemiz manch kou, e medam yo pa oblije kouvri tet yo ni figi yo. Sepandan gen bilding ki egzije pou ni gason ni fi kouvri zepòl yo ak jenou yo anvan yo antre - pami yo mize, sant acha epi kek restoran. Yo rekòmande pou fanatik yo pote pantalon ak chemiz manch long nan yon sak sizoka yo ta bezwen yo. Nan stad yo tout moun oblije mete mayo mesye yo paka sikile tòs ni.

XS
SM
MD
LG