Accessibility links

Breaking News

Qatar Entèdi Lavant Byè nan Stad yo Pandan Mondyal la


Foto Achiv: Bye Budweiser kap vann nan stad McKechnie Field nan Bradenton, Florid.
Foto Achiv: Bye Budweiser kap vann nan stad McKechnie Field nan Bradenton, Florid.

Se yon desizyon sanzatann emira mizilman konsevate a pran pou sekirize tounwa foutbòl la 2 jou selman anvan premye match la.

Yo pral kontinye vann chanpay, diven, wiski ak lot bwason alkowolik nan seksyon luks stad yo. Men andeyò zòn sa yo, se bye selman ki disponib pou fanatik yo.

Mezi a se denye nan yon seri siy ki montre tansyon ki egziste nan peyi sel kòk chante sa a kote gen anpil restriksyon sou lavant bwason alkowolik yo. Se Emir peyi a ki denye mo sou tout desizyon.

Se yon gwo kou tou pou youn nan prensipal sponsor Mondyal la, Budweiser. Sa soulve tou ketyon sou konbyen kontwol FIFA genyen sou tounwa li a.

AB InBev ki se pwopriyete Budweiser poko fe komante sou nouvel la. Konpayi a depanse plizye dizen milyon dola pou dwa ekskluzif pou l vann bye li pandan Mondyal la e li deja voye yon paket bye Qatar.

Le Qatar te lanse pwoje pou'l oganize Mondyal la li te dako ak demann FIFA te fe pou vann alkol nan stad yo.

Sepandan detay yo te pibliye nan mwad Septanm an, 11 semen anvan premye match la.

Deklrasyon FIFA pibliye Vandredi a di se bye non-alkowolik yo Bud Zero - pral vann nan stad yo.

XS
SM
MD
LG