Accessibility links

Breaking News

Benzema Pap Jwe nan Mondyal la


Jwe Franse Karim Ben Zema pandan antrenman ekip la nan Qatar, 17 Nov. 2022.
Jwe Franse Karim Ben Zema pandan antrenman ekip la nan Qatar, 17 Nov. 2022.

Espwa vedèt Franse Karim Benzema te genyen pou'l ranpote Mondyal Foutbòl Qatar la ak ekip Franse a fini anvan li menm jwe nan yon match.

La Frans pran yon gwo kou ak nouvèl ki fè konnen vedèt li paka jwe akoz li chire yon misk nan kwis goch li pandan antrenman an.

Federasyon foutbòl Franse a di "atakan Real Madrid la pral oblije rale kò li nan Mondyal la.

Loreya Balon dò a tap patisipe nan premye sesyon antrenman konplè li nan Qatar ak "Les Bleus" lè li te oblije kite teren an akoz yon gwo doulè nan kwis goch li.

Seleksyon Nasyonal Franse apral jwe premye match li kont Ostrali Madi, nan Gwoup D.

XS
SM
MD
LG