Accessibility links

Breaking News

Qatar: Benzema Blese Ankò


Karim Benzema (mitan) kontwolel balon an pandan yon sesyon antrenman nan stad Jassim-bin-Hamad la nan Doha, anvan ouveti Mondyal Foutbol Qatar 2022 a, 19 Nov. 2022.
Karim Benzema (mitan) kontwolel balon an pandan yon sesyon antrenman nan stad Jassim-bin-Hamad la nan Doha, anvan ouveti Mondyal Foutbol Qatar 2022 a, 19 Nov. 2022.

Kè ekip Franse a sou biskèt pou loreya Balon dò a Karim Benzema ki blese ankò Samdi. Misye ap tann rezilta egzamen medikal yo pou konnen si lap kapab jwe nan mondyal la.

Ekip la, ki se chanpyon an tit Mondyal la fè fas ak plizyè eprèv depi li rive Qatar. Yo te pran yon souf lè vedèt Raphael Varane te rejwenn kanmarad li yo pou premye sesyon antrenman kolektif la.

Didier Deschamps, antrene ekip la, di Benzema gen jiska Lendi - epi apre sa yo pral oblije chache yon ranplasan. Yon sous di AFP misye gen yon blese nan kwadriseps li (setadi misk kwis li).

XS
SM
MD
LG