Accessibility links

Breaking News

Qatar Louvri Mondyal Foutbòl la


Fe datifis nan stad Al Bayt la nan Qatar pandan seremoni ouveti Chanpyona Mondyal Foutbol la, 20 Nov. 2022.
Fe datifis nan stad Al Bayt la nan Qatar pandan seremoni ouveti Chanpyona Mondyal Foutbol la, 20 Nov. 2022.

Lidè Qatar la louvri Mondyal la Dimanch 20 Novanm ak yon apèl pou moun tout ras mete sou kote diferans yo. Li te pran la pawol antanke dirijan peyi oganizatè a, ki fè fas ak yon pakèt kritik poutet move tretman travayè etranje yo epi mepri li vizavi dwa moun LGBTQ yo.

Peyi mizilman an gen repitasyon li an je, e li pran angajman pou'l remèt yon tounwa kote tou bagay byen pase. Li demanti akizasyon kom a li diskrimine kont migran yo e ke li fè yo abi. FIFA, ki jere chanpyona a espere atansyon piblik la pral fikse kounyea sou match yo.

Oganizatè yo demanti tou akizasyon kom kwa yo te peye lajan pou ranpote dwa pou oganize pi gwo evenman mondyal foutbol la.

Sheikh Tamim rive nan stad la ansanm ak prezidan FIFA a Gianni Infantino, kote foul la tap bat bravo ak kè kontan. Yo te chita bo kote lot lidè Arb yo.

Spektak ki te swiv la te gen ladann 3 chamo, aktè Ameriken Morgan Freeman, ak pèfomans yon nouvo chante ki pral sèvi kom tèm tounwa a ki rele "Dreamers". Se Jungkook, atis gwoup popilè K-Pop BTS la ki te chante'l ansanm ak atis Katari Fahad Al-Kubaisi.

Prens eritye Arabi Saoudit, ak prezidan Ejipt, Tiki, Aljeri epitou Sekretè Jeneral LONU te pami lidè ki te prezan nan stad la pou premye match la ant Qatar ak Ekwatè.

Andedan Stad Al Bayt la, te gen anpil syèj vid akoz gwo blokis ki te genyen sou otowout pou rive nan lye a.

Moun te bat bravo lè ekip Qatar la te rive pou jwe nan match ouvèti a.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters

XS
SM
MD
LG