Accessibility links

Breaking News

Ekip kap Patisipe nan Mondyal la Abandone Plan pou Mete Brasa ki Defye Qatar


Foto Achiv: Harry Kane, jwe ekip Anglete mete yon brasa koule lakansyel pandan chanpyona Ewop 2020 an.
Foto Achiv: Harry Kane, jwe ekip Anglete mete yon brasa koule lakansyel pandan chanpyona Ewop 2020 an.

Menas FIFA fè pou'l pini jwe yo sou teren foutbòl la lakoz ekip kap jwe nan Mondyal Foutbòl la abandone plan yo te genyen pou kapiten yo mete brasa koulè lakansyèl pou kritike dosye dwa moun Qatar la.

Kek hè'd tan anvan premye gwoup jwè ki te gen brasa ki apiye kanpay "One Love" la te sipoze monte sou teren an, FIFA lanse avètisman pou di yo pral ba yo kat jon tou swit.

Sa te chanje kalkil 7 ekip Ewopeyen. Yo te atann yo aske FIFA tapral fè yo peye amann sèlman.

Kont la se dènye nan yon seri kont ki menase pou jete yon lombraj sou tounwa a.

Apre li yo te akòde l dwa pou oganize Mondyal Foutbòl la an 2010, peyi mizilman konsèvate Qatar, te fè fas ak anpil kritik poutèt fason li maltrete travayè migran yo epitou le fèt ke lwa peyi a kriminalize omoseksyalite.

XS
SM
MD
LG