Accessibility links

Breaking News

Qatar Pèdi Match Ouvèti Mondyal Foutbòl la Kont Ekwatè


Kapiten ekip Ekwate a, Enner Valencia, pandan match Ekwate kont Qatar, Dimanch 20 Nov. 2022.
Kapiten ekip Ekwate a, Enner Valencia, pandan match Ekwate kont Qatar, Dimanch 20 Nov. 2022.

Premye match Qatar janm jwe nan yon Mondyal Foutbòl pat fini byen pou li, apre advèsè li, Ekwatè te vannen li.

Tounwa foutbòl la, ki soulve anpil pale anpil louvri ak yon match kote Ekwatè te jwe pi byen e ranpòte la viktwa sou li 2-0 devan 67,372 fanatik nan stad Al Bayt la.

Ekip yon peyi òganizatè poko janm pèdi match ouvèti a nan 92 ane chanpyona a.

Se premye fwa Mondyal la ap dewoule nan Mwayèn Oryan an e se yon chans pou Qatar montre mond lan tout sa li gen pou l ofri. Sepandan seleksyon nasyonal li a pa bay pèfòmans yo te espere a.

Kapitèn ekip Ekwatè a, Enner Valencia make tou le 2 gòl yo pou ekip li nan premye mitan an.

XS
SM
MD
LG