Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Lanse Plis Misil, Avyon Konba Etazini Sivole Kore di Sid

Nan foto sa a ke Ministe Defans Kore di Sid pataje ak lapres, 2 avyon B1B Fos Ayeryen Etazini (mitan) ak avyon konba F-35 Fos Ayeryen Kore di Sid patisipe nan egzesis milite "Vigilant Storm" Samdi 5 Nov. 2022.

Kore di Nò kontinye lanse misil balistik. Pyongyang lanse 4 misil balistik ki tonbe nan lanmè, pandan Etazini voye 2 avyon konba sipèsonik al sivole Kore di Sid pou montre pwisans militè li.

Chèf Deta Maòo Fòs Zame Kore di Sid di 4 misil kout pòte Pyongyang lanse Samdi yo vole apepre 128 kilomèt epi tonbe nan lanmè wès la.

Kore di Nò lanse plis pase 30 misil semèn sa a, pami yo yon misil balistik entèkontinantal Jedi ki te deklanche alèt nan nò peyi Japon.

Nò a voye yon pakèt avyon de gè al sivole teritwa li akoz li te vekse Etazini ak Kore di Sid tap fè egzèsis militè avyon konba yo. Egzèsis militè sa yo te gen patisipasyon 2 avyon bonbadye B-1B - pou premye fwa depi ane 2017.

XS
SM
MD
LG