Accessibility links

Breaking News

Washington Di Kore Di Nò Voye Boulèt Kannon Bay Larisi

A picture taken on August 5, 2021, shows an Iron Dome defense system battery, designed to intercept and destroy incoming short-range rockets and artillery shells, in the Hula Valley in northern Israel near the border with Lebanon. - The Israeli air force

Etazini, ki deja akize Iran kòmkwa lap apiye envazyon Larisi fè nan Ikrèn, fè konnen Kore di Nò tou. voye boulèt kannon bay Larisi.

John Kirby, ki se pòtpawòl pou Konsèy Sekirite Nasyonal Mezon Blanch lan, pandan yo tap diskite sou nouvo lansman misil ke Kore di Nò Mèkredi, ki ogmante tansyon sou preskil Koreyen an, fè konnen Pyongyang "voye èd an kachèt bay Larisi pou itilize nan lagè a kont Ikrèn".

Dapre Kirby gen yon "kantite enpòtan" boulèt kannon ke Kore di Nò voye bay Larisi, e yap kache sa kòmkwa yo pretann se " nan peyi Mwayen Oryan an oswa sou kontinan Afriken an yap voye zam sa yo".

Pòtpawòl la te klarifye pandan yon entèvyou ak laprès ke kounye a, Washington ap eseye chèche konnen si èd militè Kore di Nò sa a vrèman rive jwenn twoup Ris yo.

XS
SM
MD
LG