Accessibility links

Breaking News

LaRisi Ap Reprann Patisipasyon li Nan Akò Livrezon Sereyal yo


Navio de carga Despina V transportam cereais ucranianos no Mar Negro, perto de Istanbul (2 Novembro 2022)
Navio de carga Despina V transportam cereais ucranianos no Mar Negro, perto de Istanbul (2 Novembro 2022)

LaRisi fè konnen li ap retounen patisipe nan akò pou fasilite ekspedisyon danre k ap soti nan Ikrèn e k ap travèse Lanmè Nwa a.

“Federasyon ris la konsidere ke li sanble jwenn ase garanti nan moman kounyea, e li rekoumanse aplikasyon akò a,” se sa ministè defans la di nan yon kominike.

LaRisi te sispann patisipasyon l samdi a apre li te fè konnen Ikrèn ta sèvi ak drone pou atake flòt ris nan Lanmè Nwa a.

Nasyon Zini ak Tiki te jwenn yon antant ak LaRisi e ak Ikrèn nan mwa Jiyè pase pou rekoumanse ekspedisyon sereyal ki ap soti nan Ikrèn e pèmèt LaRisi ekspedye angrè pandan gen yon kriz mondyal.

Sispansyon LaRisi a te entèwonp ekspedisyon nan jou ki pase yo, pandan lòt pati te degaje yo fè kèk ekspedisyon soti nan pò Ikrèn yo e pase kèk enspeksyon nan Istanboul nan peyi Tiki, pou obsève akò a.

XS
SM
MD
LG