Accessibility links

Breaking News

Prezidans Inyon Ewopeyen an Diskite Sou Sanksyon Yo Dwe Pran Kont Byelorisi


FILE PHOTO: Czech Prime Minister Petr Fiala speaks during an interview in Prague
FILE PHOTO: Czech Prime Minister Petr Fiala speaks during an interview in Prague

Premye Minis Tchekoslovaki Petr Fiala, ki ap jwe wòl prezidan Inyon Ewopeyen an, fek soti nan peyi Ikrèn. Li deklare ke kounye a Inyon Ewopeyen an kapab pran sanksyon kont Byelorisi, ki se yon alye Larisi, nan lagè a kont Ikrèn.

Byelorisi di li pa vle patisipe dirèkteman nan lagè a men li pèmèt sòlda Ris yo estasyone sou teritwa li, ke Larisi te itilize kòm baz pou anvayi Ikrèn nan fen mwa fevriye.

Gouvènman Tchekoslovaki a te anonse nan dat 7 oktòb la yon reyinyon ansanm ak kabinè Ikrenyen an ki ta pral fèt nan Kyev 31 oktòb.

"Kèk sanksyon kont Byelorisi deja an plas men nou pa ka aksepte ke Byelorisi apiye politik Larisi a oswa ke Larisi kontourne enpak sanksyon yo atravè peyi tankou Byelorisi," Fiala te ajoute.

Inyon Ewopeyen an te enpoze 8 seri sanksyon ki vize sitou endistri Ris ak moun depi lè envazyon Ris la te kòmanse 24 fevriye a.

Dapre Fiala Inyon an dwe izole Larisi "pi plis". Li deklare "Nou konnen sanksyon yo ap travay, nou ka wè sa nan anpil done, epi nou dwe kontinye san dout."

XS
SM
MD
LG