Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Gwo Kè Sote Apre Larisi Rekòmanse Bloke Kagezon Sereyal yo


Foto Achiv: Bato Navi-Star chaje ak ble, e lap tann pou l fe vwal soti nan po Odesa a nan Ikren, 29 Jiye, 2022.
Foto Achiv: Bato Navi-Star chaje ak ble, e lap tann pou l fe vwal soti nan po Odesa a nan Ikren, 29 Jiye, 2022.

Larisi rekomanse bloke po Ikrenyen yo ki koupe ekspòtasyon sereyal anpil peyi nan mond lan bezwen an tout ijans.

Prezidan Joe Biden dklare mezi a se yon "skandal total kapital" e li lanse avètisman pou di plis moun pral mouri grangou toupatou nan mond lan.

Larisi sispann antant LONU te patwone ant limenm ak Ikrèn pou yon sof pasaj bato kap transpòte sereyal soti Ikrèn, ki se yon nan pi gran pwodiktè ble nan mond lan.

Kremlen an pran mezi sa a apre li akize Ikrèn dèske li te atake flòt Ris la nan Lanmè Nwa a ak dwon.

Ikrèn demanti akizasyon an.

Ministè Enfrastrikti Ikrenyen an rapote yon total 218 bato ki chaje ak sereyal bloke.

Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelensky deklare nan yon diskou li te pwononse pa videyo Dimanch ke "La Risi ap fè mond lan chantaj ak grangou".

XS
SM
MD
LG