Accessibility links

Breaking News

Biden Lanse Avètisman pou di Si Ris yo Lanse Yon Atak Nikleyè Sa Tap Yon "Erè Grav"


Presidenti Joe Biden duke folur nga auditori i Shtëpisë së Bardhë (25 tetor 2022)
Presidenti Joe Biden duke folur nga auditori i Shtëpisë së Bardhë (25 tetor 2022)

Prezidan Etazini Joe Biden lanse avètisman pou di si Larisi itilize zam nikleyè kont Ikrèn se tap yon "erè grav anpil". Biden fè komantè sa a apre Moskou te deklare ke Ikrèn ap prepare pou itilize yon "bonm sal", men Kyèv ak peyi oksidantal yo demanti akisasyon sa yo.

Biden te reaji sou lagè Ikrèn nan apre li te fin resevwa dènye dòz vaksen pou konbat maladi COVID-19 la. Li di: "Ris yo tap fè yon gwo erè grav si yo ta gen malè itilize zam nikleyè taktik".

Biden ajoute "nou pa konnen si se presyon yap bay, "nou pa konnen. Men, sa ta yon gwo, gwo erè."

XS
SM
MD
LG