Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Kèk Palmantè Demokrat Ekzote Biden Poul Negosye Direkteman ak LaRisi


EEUU-RUSIA-SANCIONES
EEUU-RUSIA-SANCIONES

Kèk palmantè Demokrat ekzote Prezidan Etazini Joe Biden ayè lendi a pou l chanje jan Etazini wè lagè Ikrèn nan nan negosye direkteman ak LaRisi.

Yon lèt ki gen siyati 30 Demokrat Pwogresis nan Caucus Pwogresis Chanm Reprezantan an, ki gen nan tèt li Depite Pramila Jayapal, di yo apresye detèminasyon Biden “pou sa ki konsène lit lejitim Ikrèn nan lite kont agresyon LaRisi a” e yo rekonèt èd ekonomik, militè ak imanitè Etazini ki enpotan anpil pou siksè Ikrèn nan goumen kont LaRisi.

Men palmantè yo di nan yon lèt ke jounal Washington Post te premye rapote, ke efo diplomatik ta dwe antre nan jan Etazini abode kesyon pou mete fen nan lagè a ki gen efè katastwofik sou pèp Ikrèn-nan e menase distribisyon manje nan mond la e ap gen kriz mizè akoz pri kabiran ak danre ki ap moute nan mond la.

Nan yon konferans pou laprès an Jen 2022, Biden te rekonèt posiblite sa a le yo te mande l si Ikrèn ta sede teritwa bay LaRisi pou mete fen nan konfli a.

XS
SM
MD
LG