Accessibility links

Breaking News

Konpayi Enèji Leta Ikrèn Limite Izaj Elektrisite


A maternity hospital employee brings meals provided by the NGO World Central Kitchen, to patients during an electricity power cut due to a Russian missile attack, in Mykolaiv, Ukraine, Oct. 22, 2022.
A maternity hospital employee brings meals provided by the NGO World Central Kitchen, to patients during an electricity power cut due to a Russian missile attack, in Mykolaiv, Ukraine, Oct. 22, 2022.

Konpayi enèji leta Ikrèn nan di jedi 10 Oktòb li t ap limite izaj elektrisite nan plizyè rejyon nan peyi a apre atak ke LaRisi te lanse pandan lannwit la ki vize enfrastrikti enèji a.

Ukrenergo fè konnen pami dega ki fèt nan frap yo gen ekipman nan pati santral peyi a. Li di restriksyon yo sou izaj enèji a nesesè pou evite mete twòp chaj sou rezo yo e konsa yo ka fasilite reparasyon enstalasyon ki donmaje yo.

Yon otorite ke LaRisi enstale nan Krime fè konnen jedi 27 Oktòb yon atak ak drone nan lannwit la te vize yon yon izin elektrik nan preskil la ke LaRisi te antre nan teritwa li.

Otorite a fè konnen pa te gen menas sou distribisyon elektrisite a nan Krime e ke pa gen viktim.

Kremlen an fè konnen Prezidan ris Vladimir Putin te swiv mèkredi 26 Oktòb ekzèsis fòs nikleyè li yo ki vle fè tankou

yap reponn yon « frap nikleyè masif », e televizyon leta te moutre prezidan an ki t ap swiv aksyon yo sou video.

XS
SM
MD
LG