Accessibility links

Breaking News

Kremlin: Nenpòt Chita Pale Pou Boukante Griner Dwe Rete Konfidansyèl


Russia Griner
Russia Griner

MOSKOU (AP) — Kremlin an fè konnen nenpòt diskisyon pou negosye yon posib boukatay Brittney Griner ki nan prizon pou 9 an nan Larisi pou trafik dwòg dwe rete konfidansyèl.

Jwèz WNBA ki chanpyon 8 fwa ak ekip Phoenix Mercury e ki gen 2 meday lò nan olenpik, te jwenn kondanasyon 4 out apre lapolis te di ke yo te jwenn lwil Cannabis nan bagaj li nan ayewopò Moskou.

Yon tribinal Ris te rejte demand apèl avoka Griner te fè a.

Demach ap fèt pou wè si Griner ta ka libere nan yon antant kote yo te ka boukante li pou yon lòt prizonye ak Washington.

Mèkredi pòtpawòl Kremlin Dmitry Peskov di "nou toujou di ke nenpòt kontak ki ap genyen pou boukante Griner dwe rete konfidansyèl ."

XS
SM
MD
LG