Accessibility links

Breaking News

LaRisi: Kou Dapel Kenbe Santans 9 Lane Prizon Brittney Griner


Russia Griner
Russia Griner

Yon kou dapel nan LaRisi mentni santans 9 lane prizon ki sou do vedèt basketball Etazini Brittney Griner poutèt li te gen lwil cannabis nan malèt li.

Griner te patisipe nan depozisyon an sou koneksyon video etan nan yon prizon toupre Moskou.

Jwèz la ki pran meday lor olenpil 2 fwa te jwenn arestasyon l 17 Fevriye nan yon aewopor nan Moskou ak lwil cannabis bagaj li nan LaRisi. Li te jwenn santans 9 lane prizon, 4 Daout pase, anba akizasyon ke l te posede e t ap fè kontrebann dwog.

Griner te plede koupab nan jijman li men li di ke li te fè yon erè san move entansyon e ke li pa t ap chache vyole lalwa.

XS
SM
MD
LG