Accessibility links

Breaking News

Borne: Larisi "Ap Oblije Reponn" pou "Vyolasyon Dwa Sitwayen Ikrenyen Yo" nan Lagè a


France Elections
France Elections

Premye Minis franse Elisabeth Borne te di pandan yon deba sou konfli Ikrèn nan nan Sena Fransè a: Larisi "ap gen pou reponn" pou "vyolasyon barbar li yo" nan Ikrèn.

Borne di: "Pandan lame Ikrenyen an ap fè progwè nan liberasyon kek vil y ap dekouvri plizyè kadav moun ki viktim nan masak ris yo te fè sou teritwa, tankou nan Boutcha ak Izium.

Premye minis la te di "sa kap pase nan rejyon sa yo se zak ki trè chokan, e revòltan. Yo se vyolasyon barbar lwa lagè yo. Larisi pral oblije reponn pou krim sa yo ".

Madam Borne pale tou sou "kòmantè tet chaje ke Minis Defans Ris la te fè sou itilizasyon yon bonm sal ke Ikrèn swadizan pral itilize".

Dapre minis la se manti ke Moskou ap bay pou lejitimize eskalasyon li nan lagè Ikrén nan".

XS
SM
MD
LG