Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: 'Batay Malouk' Tou Pre Bakhmout


A Ukrainian serviceman reacts as a self-propelled artillery vehicle fires near Bakhmut, Donetsk region, Ukraine, Oct. 22, 2022.
A Ukrainian serviceman reacts as a self-propelled artillery vehicle fires near Bakhmut, Donetsk region, Ukraine, Oct. 22, 2022.

Prezidan Ikrenyen Vladimir Zelensky te di mèkredi 26 oktòb la nan chita pale li toujou fè sou rezo sosyal yo ke gen gwo batay feròs ki ap dewoule tou pre vil Bakhmout .

"Konba malouk sa yo" ap fèt "tou pre Bakhmout", ki se yon vil ki trouve l nan rejyon Donetsk ki sitiye nan lès peyi Ikrèn.

Bakhmout se yon sib priyorite pou lame Ris la pou mwa sa a, kote yo ap fè sa yo konnen pou rive nan vil sa.

Prezidan Zelensky te deklare "Sitiyasyon an konplike sou liy defans nou nan Bakhmout, nou ap fè eksperyans ak gwo batay ekstrèmman feròs nan rejyon an, epi tou nan Avdiivka".

Twoup Ris yo te lanse 15 misil sou Ikrèn nan jounen ki sot pase a. Yo ap menen plizyè operasyon ofansiv nan direksyon vil Bakhmut ak Avdiivka.

XS
SM
MD
LG