Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Lanse 23 Misil Kont Kore di Sid

Yon ekran televiazyon montre lide Kore di No a, Kim Jong Un pandan yon emisyon nouvel nan yon stasyon tren nan vil Seoul, Kore di Sid, 2 Nov. 2022.
Yon ekran televiazyon montre lide Kore di No a, Kim Jong Un pandan yon emisyon nouvel nan yon stasyon tren nan vil Seoul, Kore di Sid, 2 Nov. 2022.

Sirèn sonnen sou yon zile nan Kore di Sid pou avèti sitwayen yo sou yon atak ayeryen Mèkredi. Se konsa sitwayen yo te evakye kay yo ak biwo yo epi al lage kò yo nan abri souteren nan moman Kore di Nò tap tire plis pase 20 misil kont sid la. Youn nan misil sa yo ateri sou fwontyè maritim Kore di Sid la.

Kore di Sid te repòn vit e prese ak pwòp lansman misil pa li nan menm zòn nan.

Nan foto sa a ke Ministe Defans Kore di Sid la distribye bay lapres, avyon KF-16 Aviyasyon Kore di Sid la pare pou dekole pandan egzesis milite konjwen ak Etazini nan vil Gunsan, Kore di Sid, Lendi 31 Oktob, 2022.

Lansman sa yo vini apre Kore di Nò te menase pou'l sèvi akzam nikleyè pou egzije Etazini ak Kore di Sid peye pou sa li dekri tankou "pri pi orib ki egziste nan listwa" pou pwoteste kont egzèsis 2 peyi yo kontinye ap fè ansanm ke nò a konsidere tankou preparasyon pou yon envazyon.

Lamezonblanch deklare Etazini pa gen okenn entansyon pran yon aksyon ostil kont Kore di Nò.

XS
SM
MD
LG