Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Lanse Plis Obi nan yon Zòn Net nan Lanmè


Foto Achiv: Yon ekran televizyon ki montre yon lansman misil No Koreyen pandan yon emisyon nouvel nan stasyon tren Seoul la nan kapital Kore di Sid, 14 Oktob, 2022.
Foto Achiv: Yon ekran televizyon ki montre yon lansman misil No Koreyen pandan yon emisyon nouvel nan stasyon tren Seoul la nan kapital Kore di Sid, 14 Oktob, 2022.

Kore di Nò lanse apepre 100 obi nan lanmè pou reponn yon egzèsis militè Kore di Sid te fè kote li te tire zam li nan zon fwontyè ki separe yo. 2 rival yo ap twoke akizasyon dèske se lot la ki responsab pou tansyon ki ogmante anpil ant yo.

Egzèsis militè 2 Kore yo fè a dewoule nan moman kote gen anpil kolè pa rapò ak esè misil Kore di Nò te fè kote li tap simile yon atak nikleyè kont Kore di Sid ak kèk sib Ameriken.

Aktivite militè a Mèkredi, sete twazyèm fwa Kore di Nò fè esè ak zam nan mwenske yon semèn.

Seoul di obi Nò Koreyen yo ateri nan zon net maritim 2 Kore yo pataje, ki sitye sou kòt ès ak wès yo. Zòn net sa a te tabli pandan yon seri antant ki te fèt an 2018 pou soulaje tansyon yo.

Ministè Defans Kore di Sid di esè pa li yo pat vyole akò 2018 la.

XS
SM
MD
LG