Accessibility links

Breaking News

Omwens 146 Moun Mouri Pandan yon Fèt Halloween nan Seoul


Anbilans ak sekouris rive sou sen kote plizye moun mouri pandan yon fet Halloween nan vil Seoul, Kore di Sid, Dimanch 30 Oktob, 2022.
Anbilans ak sekouris rive sou sen kote plizye moun mouri pandan yon fet Halloween nan vil Seoul, Kore di Sid, Dimanch 30 Oktob, 2022.

Yon foul jèn jan pou pifò ki tap selebre Halloween nan vil Seoul, kapital Kore di Sid te bloke epi toufe apre foul la te gonfle nan yon koulwa etwa.

Otorite yo di omwens 146 moun mouri e plis pase 150 lòt blese nan sa ki reprezante dezas pi grav ki rive nan Kore di Sid depi plizyè zane.

Sekouris ak ponpye eseye ede moun ki blese tou pre zon kote anpil moun te mouri e blese pandan yon fet Halloween nan vil Seoul, Kore di Sid, 30 Oktob, 2022.
Sekouris ak ponpye eseye ede moun ki blese tou pre zon kote anpil moun te mouri e blese pandan yon fet Halloween nan vil Seoul, Kore di Sid, 30 Oktob, 2022.

Sekouris ak pyeton te eseye pote premye sekou bay kèk nan viktim ki te kouche atè tou long nan lari apre ensidan an ki dewoule nan katye lwazi ki rele Itaewon nan Samdi swa.

Choi Seong-beom, chèf Depatman Sapè Ponpye Yongsan nan di bilan viktim yo taka ogmante pi plis toujou. Li ajoute gen yon kantite moun li pa spesifye ki blese e ki nan kondisyon kritik.

XS
SM
MD
LG