Accessibility links

Breaking News

2 Kore yo Twoke Kout Zam Sou Fwontyè Maritim yo


Yon ekran televizyon montre yon bato Sid Koreyen pandan yon emisyon nouvel nan stasyon tren vil Seoul, kapital Kore di Sid, Lendi 24 Oktob, 2022.
Yon ekran televizyon montre yon bato Sid Koreyen pandan yon emisyon nouvel nan stasyon tren vil Seoul, kapital Kore di Sid, Lendi 24 Oktob, 2022.

Kore di Nò ak Kore di Sid twoke kout zam kòm avètisman sou frontyè maritim wès ke tou 2 peyi yo reklame kòm teritwa pa yo. Nan ane ki pase yo fòs naval 2 peyi yo te goumen nan zòn sa a e anpil san te koule.

Pat gen batay tout bon fwa sa a men devlopman yo ogmante posibilite pou ta gen lese frape ant yo apre Kore di Nò te fè yon pakèt esè zam.

Kore di Sid fè konnen fòs naval li te tire kòm avètisman pou repouse yon bato Nò Koreyen ki te vyole fwontyè maritim li bonè Lendi maten.

Lame Kore di Nò a limenm di fòs defans li genyen sou kòt la te tire atiyri nan lanmè pou avèti yon bato fòs naval Kore di Sid ke li te travèse antre sou teritwa pa li.

Kore di Nò te lanse plizyè misil ak atiyri pandan semèn ki pase yo pandan Kore di Sid tap fè egzèsis militè li toujou fè nan epòk sa a chak ane ak Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG