Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Vole Avyon de Gè li Tou Pre Kore di Sid


Foto Achiv: Yon avyon de ge F15K Kore di Sid dekole Madi 4 Oktob, 2022.
Foto Achiv: Yon avyon de ge F15K Kore di Sid dekole Madi 4 Oktob, 2022.

Kore di Sid fè konnen gen 12 avyon de gè Kore di Nò ki pase nan espas ayeryèn ki sou fwontyè ki separe yo Jedi.

Sa te lakòz Kore di Sid te kouri vit voye 30 avyon pa li pou reponn a zak sa a.

Ensidan an ki ra anpil, vini kèk he'd tan apre Kore di Nò te lanse 2 misil balistik nan lanmè a nan 6èm seri esè misil li fè nan mwenske 2 semèn.

Lame Kore di Sid la di gen 8 avyon de gè Nò Koreyen ak 4 bonbadye ki vole an fòmasyon tou pre fwontyè a e yo kwè yo te lanse misil - sòl-sifas tou pandan yon egzèsis militè.

Tansyon yo ogmante anpil anpil sou Prèskil Koreyèn nan, apre Kore di Nò te fè yon pakèt esè ak misil ki te lakoz Kore di Sid, Etazini ak Japon te oganize yon egzèsis militè ansanm kòm repons.

XS
SM
MD
LG