Accessibility links

Breaking News

Biden Konsilte PM Japonè a Apre Esè Misil Kore Di Nò a


Yon ekran televizyon ki montre yon emisyon nouvel sou lansman misil Kore di No, nan yon stasyon tren nan vil Seoul, Kore di Sid, Madi 4 Oct. 2022.
Yon ekran televizyon ki montre yon emisyon nouvel sou lansman misil Kore di No, nan yon stasyon tren nan vil Seoul, Kore di Sid, Madi 4 Oct. 2022.

Prezidan Joe Biden pale ak Premye Minis Japonè a Fumio Kishida sou pwochen etap yo apre Kore di Nò te fè yon lòt esè kote li lanse yon misil balistik ki gen kapasite pou konvèti an zam nikleyè sou tèt Japon.

Lamezoblanch di lidè yo kondane esè Kore di Nò a "ak pawòl sevè e yo rekonèt sa poze yon danje pou pèp Japonè a, destabilize rejyon an epi reprezante yon vyolasyon klè rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzuni yo."

Lamezonblanch di lide yo dakò pou yo kowodone respons tou swit ak repons a lon term fas ak aksyon Kore di Nò a. Dapre Lamezonblanch, lide yo anvizaje aksyon bilateral, e yap travay ak Kore di Sid epi kominote entenasyonal la sou sa.

XS
SM
MD
LG