Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Lanse yon 2èm Misil Balistik


NORTHKOREA-MISSILES/
NORTHKOREA-MISSILES/

Kore di Nò fè 2èm lansman misil balistik li semèn sa a, kèk èd-tan apre Vis-Prezidan Etazini Kamala Harris fin pare pou li vizite zòn kote zam pa antre a, ki separe 2 Kore yo.

Nò a lanse 2 misil ki pa tire lwen, mèkredi nan direksyon lanmè sou kot ès peyi li, dapre sa lame Kore di Sid di jounalis nan yon alèt. Gouvènman japonè a rapòte tou lansman sa ki sanble yon misil balistik. Pa gen plis detay sou kesyon an.

Lansman sa a fèt 3 jou apre Kore di Nò te teste yon misil ki pa tire lwen. Kore di Nò tire kounyea 34 misil balistik pou ane-a – ki se yon rekò.

Harris nan Tokyo pou asiste fineray deta pou ansyen premye-minis japonè Shinzo Abe. Li te gen 2 seri rankont sou relasyon Etazini ak Japon, Kore di Sid, ak Ostrali.

XS
SM
MD
LG