Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Tire yon Lòt Misil


Yon ekran televizyon montre imaj lansman misil Kore di No a pandan yon emisyon nouvel nan yon stasyon tren nan vil Seoul, kapital Kore di Sid, Jedi 13 Oktob, 2022.
Yon ekran televizyon montre imaj lansman misil Kore di No a pandan yon emisyon nouvel nan yon stasyon tren nan vil Seoul, kapital Kore di Sid, Jedi 13 Oktob, 2022.

Kore di Sid ak Kore di Nò lanse yon misil balistik nan direksyon lame ès la.

Chèf d Eta Majò Fòs Zame Kore di Sid di lansman an fèt bonè Vandredi (lè lokal) men li pa bay okenn lot detay.

Se dènye nan yon seri lansman misil Kore di Nò fè pandan jou ki pase yo.

Chèf d Eta Majò Fòs Zame Kore di Sid la di Kore di No te sivole avyon li yo tou pre fwontyè sid la ant byen ta Jedi ak bonè Vandredi maten. Sa te lakoz Kore di Sid te ekspedye avyon konba li yo nan zon nan.

Pa gen okenn rapò sou lese frape ant 2 Kore yo.

Lame Kore di Nò pibliye tou yon deklarasyon kote li akize Kore di Sid dèske li te tire atiyri pandan 10 zè d tan tou pre fwontyè a Jedi.

XS
SM
MD
LG