Accessibility links

Breaking News

Ajans ki Jere BTS di Manm Gwoup la Pral Fè Sèvis Militè yo


Foto Achiv: Manm gwoup K-Pop Sid Koreyen BTS: RM (mitan) epi de dwat a goch: V, Jungkook, Jimin, Jin, J-Hope, and Suga pandan yon evenman nan Lamezonblanch, Washington, 31 Me 2022.
Foto Achiv: Manm gwoup K-Pop Sid Koreyen BTS: RM (mitan) epi de dwat a goch: V, Jungkook, Jimin, Jin, J-Hope, and Suga pandan yon evenman nan Lamezonblanch, Washington, 31 Me 2022.

Ajans ki jere gwoup K-pòp popilè BTS la di atis yo pral fè sèvis militè mandatwa a ki se yon bagay lwa Kore di Sid egzije.

Anons sila a mete fen nan deba piblik ki tap fèt sou kestyon pou konnen si ti mesye yo ta dwe resevwa egzanpsyon akoz tout sa yo rive akonpli nan domèn atistik la.

Yon nòt pou laprès regilatè finansye yo pibliye Lendi apre yon rankont komite direktè Big Hit Muwsic di manm gwoup la ki pi gran an, Jin, pral revoke demann li te fè pou ranvwaye dat enskripsyon li nan fen mwa a, e ke li pral pran mezi nesesè dapre Administrasyon ki Jere Moun k ap Fè Sèvis Militè.

Big Hit Music di 6 lòt manm BTS yo gen entansyon fè sèvis militè pa yo tou.

XS
SM
MD
LG