Accessibility links

Breaking News

Moun Kore di Sid Choke, Yap Pote Dèy pou 153 Viktim Ki Mouri nan yon Fèt Halloween


Yon dam depoze yon bouke fle pou rann omaj a viktim ki mouri pandan yon fet Halloween nan vil Seoul, Kore di Sid, Dimanch 30 Oktob, 2022.
Yon dam depoze yon bouke fle pou rann omaj a viktim ki mouri pandan yon fet Halloween nan vil Seoul, Kore di Sid, Dimanch 30 Oktob, 2022.

Paran jèn jan ki te asiste yon fèt Halloween nan vil Seoul kote omwens 153 moun pèdi lavi yo kouri al lopital Dimanch pou eseye gen enfòmasyon sou fanmi yo.

Moun ki mouri Samdi swa te gen ant 20 ak 30 an pou pifò e yo te bloke epi toufe lè foul la te gonfle epi anvayi yon ruyèl nan yon katye kapital Sid Koreyèn nan kote moun renmen al pran plezi yo epi danse lanuit.

Gen dè dizèn milye moun ki te rasanble nan katye Itaewon nan Samdi pou asiste fèt Halloween nan.

Temwen yo di tèlman te gen anpil moun, epi machin ki te bloke sikilasyon an, li te prèske enposib pou sekouris yo ak anbilans rive nan ruyèl tou pre otèl Hamilton nan kote ensidan an rive a.

Sityasyon an te deteryore rapidman pou'l tounen youn nan dezas kote plis moun mouri nan Kore di Sid.

XS
SM
MD
LG