Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Kontinye Lanse Misil


Yon ekran televizyon montre yon emisyon nouvel kote yap pale sou lansman misil Kore di No yo, nan yon stasyon tren nan Seoul, kapital Kore di Sid, 3 Nov. 2022.
Yon ekran televizyon montre yon emisyon nouvel kote yap pale sou lansman misil Kore di No yo, nan yon stasyon tren nan Seoul, kapital Kore di Sid, 3 Nov. 2022.

Alarm sonnen nan telefòn, radyo ak wo palè yo. Pechè yo kouri antre bato yo nan pò nan rejyon nò Japon Jedi apre Kore di Nò lanse omwens 3 misil balistik entèkontinantal ki te lakoz gouvènman Japonè a te lanse avètisman bay sitwayen yo pou yo evakye. Yo te sispann tanporèman tou, sèvis tren an.

Lansman yo Jedi, se dènye nan yon seri esè zam Kore di Nò fè nan mwa ki pase yo ki ogmante tansyon an nan rejyon an.

Yo vini yon jou apre Nò a te lanse plis pase 20 misil, ki se pi gwo kantite misil li janm lanse yon sèl jou.

Nan kòmansman jounen an, gouvènman Japonè a te di omwens youn nan misil yo te vole sou teritwa nò li, men pi ta li te revize deklarasyon an pou di misil yo pat travèse teritwa li.

XS
SM
MD
LG