Accessibility links

Breaking News

Presyon Militè, Diplomatik ap Ogmante pou Putin


Prezidan Ris Vladimir Putin pale ak lapres pandan some Kowoperasyon Oganizasyon Shanghai la (SCO) nan Samarkand, Ouzbekistan, Vandredi 16 Sept. 2022.
Prezidan Ris Vladimir Putin pale ak lapres pandan some Kowoperasyon Oganizasyon Shanghai la (SCO) nan Samarkand, Ouzbekistan, Vandredi 16 Sept. 2022.

Presyon an ap ogmante pou Prezidan Ris la Vladimir Putin sou chan'd batay la ak koulis pouvwa global yo.

Dapre analis yo, twoup Ikrenyen yo ap pouse pou pi devan ak ofansiv yo kote yap reprann plis teritwa nan nodès la, ansanm ak kèk zòn estratejik.

Pandan yon rankont o some ant responsab wo plase yo nan Ouzbekistan, Putin te sèmante pou l kontinye atake Ikrèn malgre echèk militè sa yo.

Sepandan, lidè Ris la te oblije reponn kestyon End ak Lachin te poze pa rapò ak konfli sa a ki dire lontan, ak kè sote yo genyen.

Responsab militè l Oksidan deklare Samdi sanble fòs Ris yo ap pare yon nouvo fwon defansiv nan nodès Ikrèn apre twoup Kyèv yo te kraze rezistans yo nan zòn sa a.

XS
SM
MD
LG