Accessibility links

Breaking News

Somè SCO: Erdogan Mande Yon Fen nan Lagè a 'Pi Vit ke Posib'


Turkey's President Tayyip Erdogan visits Serbia
Turkey's President Tayyip Erdogan visits Serbia

Prezidan Tik la, Recep Tayyip Erdogan, Vandredi nan Samarkand mande pou yon fen nan lagè a nan Ikrèn "pi vit ke posib".

Anvan yon somè Òganizasyon Kowoperasyon Shanghai la an prezans Mesye Putin, Erdogan deklare: "Nou ap travay pou mete yon fen nan konfli a nan Ikrèn pi vit ke posib atravè mwayen diplomatik yo".

Prezidan Tik ak Ris yo te deja rankontre fas a fas nan kòmansman mwa Out nan Sochi nan Larisi.

Depi konmansman operasyon spesyal militè Ris yo nan Ikrèn, Mesye Erdogan te kenbe relasyon ak Kyev e Moskou.

Men, pandan l Oksidan ap bay Kyev dron konba, Latiki te miltipliye nan dènye mwa yo kantite reyinyon li fe ak Moskou, patikilyèman an tèm de komès.

Nan mwa Out la, 2 lidè yo te mete yo dakò pou Latiki peye livrezon gaz Ris la an roubles.

XS
SM
MD
LG