Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Nasyonzini Vle Voye yon Ekip Izium Pou Mennen Ankèt sou Fos Komin yo Jwenn


Experts work during the exhumation of bodies in the recently retaken area of Izium, Ukraine, Sept. 16, 2022.
Experts work during the exhumation of bodies in the recently retaken area of Izium, Ukraine, Sept. 16, 2022.

Biwo dwa moun Nasyonzini an vle voye yon ekip "rapidman" nan Izium, ki se youn nan vil ke militè Ikrenyen te repran nan men Larisi apre yo te okipe l nan kòmansman lagè a.

Otorite Ikrenyen fè referans ak dekouvèt plizyè santèn moun yo jwen antrere ke sanble militè ris yo te ekzekiste lè vil la te anba okipasyon yo.

Elizabeth Throssell, pòtpawòl Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun di: "Kòlèg nou yo nan misyon siveyans dwa moun Ikrèn nan ap verifye akizasyon sa yo epi yo anvizaje òganize yon vizit nan vil Izium pou detèmine sikonstans lanmò moun sa yo. "

XS
SM
MD
LG