Accessibility links

Breaking News

Yon Machin Fè Kolizyon ak Oto Zelensky


Evercoast Volumetrically Captures President Zelensky from Kyiv to Address the Global Tech Community
Evercoast Volumetrically Captures President Zelensky from Kyiv to Address the Global Tech Community

Yon otomobilis frape machin Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky nan lannwit Mèkredi 14 septanm nan vil Kyev. Prezidan an pa t blese grav nan aksidan machin sa a selon sa pòtpawòl li a te di.

"Nan Kyiv, yon machin fè kolizyon ak machin Prezidan Ikrenyen an ak tou lòt machin ki te nan kòtej li," Se sa Serguiy Nikiforov te di nan yon deklarasyon ki te afiche sou paj Facebook jodi Jedi a 1:22 a.m. lè lokal.

Pòt pawòl la rapouswiv poul di "Doktè ki te akonpaye prezidan an nan kòtej li e te bay chofè otomobil la asistans ijans ak premye swen epi yo te transfere l nan yon anbilans."

"Prezidan Zelensky bò kote pal pat gen okenn blesi grav e li te egzamine pa yon doktè, Lapolis ap mennen ankèt sou tout sikonstans aksidan sa a pòt pawòl la ajoute, san li pa bay plis detay.

Nan diskou televize ke prezidan Zelensky bay chak swa e ki pre enrejistre , li te pale nan videyo a, ki te pibliye yon ti tan apre aksidan an, poul esplike ke li te sot retounen depi rejyon Kharkiv la yon jan poul asirel ke "prèske tout rejyon an te libere" apre yon kont-ofansif militè rapid kou yon kout zèklè ke sòlda ikrenyen yo te fè e ki te reyisi e ki te vize pou deloje twoup lame Ris yo nan tout zòn nan.

XS
SM
MD
LG