Accessibility links

Breaking News
Azi

Putin Xi Jinping Nan Rankont Òganizasyon pou Koperasyon Shanghai


Russian President Vladimir Putin meets with Chinese President Xi Jinping in Samarkand
Russian President Vladimir Putin meets with Chinese President Xi Jinping in Samarkand

Anpil moun ap chofe nan Uzbekistan anvan rankont Òganizasyon pou Koperasyon Shanghai la ki gen ti non ann angle SCO, kote Prezidan ris Vladmir Putin ak tokay chinwa li Xi Jinping pwal pami pèsonalite ki pi remakab pami plis pase yon douzèn diyitè mondyal ki ap vizite nasyon Azi santral la.

« Mond-la ap vini nan Samarkand, » se tèm preparasyon pou rankont sa a ki dewoule chak ane, e se alatèt aktyèl gwoup la, Prezidan Uzbekistan Shavkat Mirziyoyev ki pwal anime l.

Samarkand se non kapital anpir Uzbekistan depi epòk ewo nasyonal Amir Temur.

Putin ak Xi, ki ka rankontre an prive pandan evènman 2 jou a ap dewoule, pwal gen ak yo lidè ki soti End, Kazakhstan, Kyrgystan, Pakistan ak Tajikistan. Lidè nasyon ki se obsèvatè nan SCO – an palan de Belarus, Iran ak Mongoli – yo ka nan somè a k ap dewoule 15 ak 16 Septanm, e pwal gen kòm envite lidè Ameni, Azerbaidjan, Turki ak Turkmenistan.

XS
SM
MD
LG