Accessibility links

Breaking News

Putin ak Xi Montre Solidarite yo Piblikman


Uzbekistan Xi Putin Summit
Uzbekistan Xi Putin Summit

Prezidan Chinwa Xi Jinping ak Prezidan Ris Vladimir Putin Jedi te montre volonte yo pou youn sipòte lòt epi ranfòse lyen yo nan mitan yon kriz ke tou 2 peyi genyen ak peyi L Oksidan yo. Se premye rankont yo depi kòmansman envazyon Larisi a nan Ikrèn.

2 lidè yo te rankontre nan somè Òganizasyon Kowoperasyon Shanghai (SCO) nan Samarkand, Ouzbekistan, nan moman kote gen gwo tansyon nan relasyon ant peyi yo ak Etazini.

Nan kontèks sa a, rapwochman ant Peken ak Moskou kanpe kont Etazini ke yo konsidere tankou yon peyi ki ostil ak enterè peyi yo.

Xi Jinping deklare ke "Lachin vle travay ak Larisi pou l jwe yon gwo wol an tan ke Pwisans Mondyal, epi enjekte estabilite ak enèji pozitif nan yon mond ki kawotik."

Dapre televizyon leta Chinwa, Xi te di Putin tou ke Lachin pare pou "travay ak Larisi pou sipò fèm ak mityèl sou pwoblèm ki gen rapò ak enterè prensipal youn lòt ak pou apwofondi koperasyon yo."

Msye Putin, bò kote pa l, denonse tantativ peyi oksidantal yo pou "kreye yon mond inipolè".

XS
SM
MD
LG