Accessibility links

Breaking News

Putin Di Larisi Pa Prese Pou Mete Fen nan Operasyon Militè a, 'Objektif Nou Toujou Rete Liberasyon Donbass la'

Russian President Vladimir Putin delivers a speech during an extended-format meeting of heads of the Shanghai Cooperation Organization (SCO) member states at a summit in Samarkand, Uzbekistan, Sept. 16, 2022. (Sputnik via Reuters)

Prezidan Ris la Vladimir Putin di Larisi pa prese pou l fini ak operasyon militè li an Ikrèn, ke estrateji fòs larisi yo pa chanje, e ke yo kontinye ap konkeri teritwa.

Li fè deklarasyon sa yo pandan yon konferans pou laprès nan Samarkand nan Ouzbekistan.

Li kontinye pou l di ke operasyon yo ap kontinye malgre gwo kont-ofansif lame Ikrenyen an te fè nan nòdès ak nan sid peyi a.

Vladimir Putin deklare ke "Otorite yo nan Kiev te anonse ke yo te kòmanse yon kont-ofansif aktif -- ebyen oke, nou pral wè ki jan li pral fini ".

Dapre li, objektif kle Kremlin an toujou rete "liberasyon tout teritwa Donbass la", yon rejyon ki chaje ak min nan lès peyi Ikrèn ki gen ladann Lugansk, ki deja anba kontwòl lame Ris la, epi Donetsk ke Moskou kontwole pasyelman.

Vladimir Putin te akize Kyev tou deske li komet "zak teworis" e li koze domaj sou enfrastrikti Ris.

XS
SM
MD
LG