Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Meksik Pral Pwopoze Nasyonzini Etablisman yon "Misyon pou Lapè" nan Ikrèn


Military parade to celebrate Mexico's Independence Day
Military parade to celebrate Mexico's Independence Day

Prezidan Andres Manuel Lopez Obrador anonse vandredi, ke Meksik pral pwopoze Nasyonzini, semèn pwochèn nan New York, etablisman yon "misyon pou lapè" nan Ikrèn.

Prezidan Meksik la pandan yon diskou ofisyèl nan okazyon fèt nasyonal peyi li di "Se yon kesyon ijan kote nou dwe chèche yon akò pou mete fen nan lagè a nan Ikrèn".

Inisyativ sa, ke Minis Zafè Etranje a Marcelo Ebrard pral prezante nan Asanble Jeneral Nasyonzini, pwopoze kreyasyon yon komite pou dyalòg ak lapè gen plizyè moun "si sa a se aksepte epi si gen yon volonte," li ta dwe gen Premye Minis Endyen Narendra Modi, Pap Franswa ak Sekretè Jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres.

Li te kontinye poul di ke "Misyon mentyen lapè a ta dwe imedyatman chèche yon fason pou ede mete fen nan sa ki ap pase nan Ikrèn e kòmanse ak chita pale dirèk ak Prezidan (Volodymyr) Zelensky nan Ikrèn ak Prezidan Vladimir Putin nan Larisi".

Mesye Lopez Obrador kritike tou aksyon Nasyonzini nan konfli a.

XS
SM
MD
LG