Accessibility links

Breaking News

Britanik yo Apiye Nouvo Wa Charles, Depi li Pe Bouch li


Wa Charles III ak Ren Konsor Camilla koze ak piblik la pandan yon pwomnad nan Belfast, Irland di No, Madi, 13 Sept. 2022.
Wa Charles III ak Ren Konsor Camilla koze ak piblik la pandan yon pwomnad nan Belfast, Irland di No, Madi, 13 Sept. 2022.

Wa Charles III ap jwi yon gwo vak sipò apre li siksede manman li, Rèn Elizabeth II kom nouvo monak La Grand Bretay. Sepandan kèk pami moun ki pote dèy pou defen rèn nan lanse avètisman pou di, fòk li swiv bèl egzanp rèn nan trase pou li, pou kenbe opinyon pesonèl li yon sekrè.

Yon sondaj YouGov fè pou jounal the Times jwenn sipò pou Charles, 73 zan, ogmante anpil depi li vinn Wa d Angletè. Sipò pou madanm ni, Camilla, Ren Konsòr ogmante anpil tou.

Kounyea gen 63% Britanik yo ki kwè misye ap yon bon wa. Se yon ogmantasyon 24 pousan konpare ak sa yo te anrejistre nan mwad Mas la. Gen 15% ki kwè li pral echwe konparativman ak 31% moun ki te kwè sa lè yo te poze kestyon an sa gen kèk mwa desa.

Rezilta sa yo reflete opinyon sitwayen Britanik ki te pale ak ajans nouvèl Reuters e ki vinn pote dèy pou rèn nan.

Patrick Thompson, 61 an, ki te pami dè milye moun ki tap fè la ke pou wè sèkèy defen rèn nan nan Katedral Sen Giles la nan Edimbourg deklare: "Mwen atann mwen aske li pral byen reyisi."

Charles tann pi lontan pase tout lòt eritye pou vinn Wa. Anvan sa, li te pase tan li ap pale sou kestyon tankou chanjman klimatik, achitekti ak medsin natirèl.

Pou kritik yo, li tap foure bouch li nan kestyon politik ki pat kekstyon manm fanmi wayal la ta dwe bay opinyon yo sou yo. Pa kont, manman li pat janm bay opinyon li pandan 70 zan li te pase sou twon nan e li pat janm bay okenn entèvyou non plis.

XS
SM
MD
LG